Episodes
Wednesday May 29, 2013
Edisyon nouvel 28 Me 2013
Wednesday May 29, 2013
Wednesday May 29, 2013
Pawòl la nan lari se yon edisyon nouvèl ki sòti lendi rive vandredi sou radyo kominotè yo nan diferan kwen nan peyi a wap koute nou tou sou www.saks.podbean.com ou ka vizite sit enfòmasyon saks tou nan www.saks-haiti.org
Monday May 27, 2013
4 Je Kontre - 24 Me 2013
Monday May 27, 2013
Monday May 27, 2013
Magazin 4 Je kontre se yon magazin ki analize aktyalite nan nivo politik, ekonomik sosyal ak kiltirèl nan gade ansanm ki kote nou ye epi ki chimen pou n pran pou n vanse. Nan magazin sa ki sòti 24 me a analize pwoblèm agrikilti a na peyi a. Ricot Jean Pierre yon nan dirijan PAPDA fouye pwobèm sa a ak nou pou ede w wè kijan nou gen yon leta restavèk ki toujou ap pran lòd ki soti aletranje. Ki montre dirijan nou yo pa mèt tèt yo nan pouvwa yo. Magazin sa pase sou diferan radyo kominotè nan Peyi d'Ayiti, w Ka li tèks atik nou tou nan www.saks-haiti.org.Magazin 4 Je kontre se yon patenarya ICKL, ITEKA, PAJ ak SAKS
Wednesday May 22, 2013
4 Je kontre 21 me 13
Wednesday May 22, 2013
Wednesday May 22, 2013
Magazin 4 Je kontre se yon magazin ki analize aktyalite nan nivo politik, ekonomik sosyal ak kiltirèl nan gade ansanm ki kote nou ye epi ki chimen pou n pran pou n vanse. Nan Magazin semen sa a, nou gen kòm envite, Frantz Dupuche militant mouvman politik Kan pep la. Nou te gade selebrasyon fet drapo a, 18 me pase a, dwa granmoun peyi a ak prezans MINUSTAH nan peyi ak lot enfomasyon ki te nan aktyalite semen nan Magazin sa pase sou diferan radyo kominotè nan Peyi d'Ayiti, ou Ka li tèks atik nou tou nan www.saks-haiti.org. Magazin 4 Je kontre se yon patenarya ICKL, ITEKA, PAJ ak SAKS
Tuesday May 21, 2013
4 Je Kontre 10 Me 13
Tuesday May 21, 2013
Tuesday May 21, 2013
Chak semèn, Rezo Nasyonal Edikasyon Radyofonik SAKS la, brase lide ak youn oswa plizyè envite sou sa ki pase nan peyi a. Semèn sa a, nou te resevwa pwofesè Camille Chalmers manm mouvman politik Kan Pèp la ak doktè Junot Felix pou mouvman politik Akawo. Nan aktyalite semèn nan, nou te gade divès pwen sitou jounen 8 me pase a, kote plizyè dizèn milye fanatik ak senpatizan Fanmi Lavalas, te defile nan Pòtoprens pou akonpaye ansyen prezidan Aristide nan pakè Pòtoprens pou l al reponn kesyon lajistis sou kò sasinay ki te fèt sou jounalis radyo Ayiti Entè a, Jean Dominique ansanm ak gadyen radyo a Jean Claude Louissaint jou ki te 3 me 2000 la. Apre sa nou te gade ak envite yo, bilan reyalizasyon pouvwa Tè kale a, pandan 2 lane pase yo. Pwofesè Camille Charlmers ak doktè Junot Felix di yo konstate, pa gen anyen ki chanje vre jan popilasyon an t ap tann sa ak jan prezidan Joseph Michel Martelly te pwomèt li. Viktwa toujou pou moun k ap jwi yo depi lontan. Magazin sa pase sou diferan radyo kominotè nan Peyi d'Ayiti, ou Ka li tèks atik nou tou nan www.saks-haiti.org. Magazin 4 Je kontre se yon patenarya ICKL, ITEKA, PAJ ak SAKS
Friday May 10, 2013
4 je kontre 6 me 2013
Friday May 10, 2013
Friday May 10, 2013
Magazin 4 Je kontre se yon magazin ki analize aktyalite nan nivo politik, ekonomik sosyal ak kiltirèl nan gade ansanm ki kote nou ye epi ki chimen pou n pran pou n vanse. Nan Magazin semen sa a, nou gen kòm envite, Yanick Etienne militant mouvman sendikal Batay Ouvriye, ki te bay dizon l sou aktyalite a sitou sa ki gen pou wè ak jounen travay ak agrikilti a 1er me. Magazin sa pase sou diferan radyo kominotè nan Peyi d'Ayiti, ou Ka li tèks atik nou tou nan www.saks-haiti.org. Magazin 4 Je kontre se yon patenarya ICKL, ITEKA, PAJ ak SAKS
Friday May 03, 2013
Ayiti Kale Je #30 - avril 2013 - Refleksyon sou Rekonstriksyon
Friday May 03, 2013
Friday May 03, 2013
Pou dosye sa a, ki sòti nan mwa avril 2013 la, Ayiti Kale Je te pale avèk plizyè aktè nan rekonstriksyon sou koze depandans, "èd," vizyon, CIRH ak lòt bagay... Ayiti Kale Je se yon konbit enfòmayon ak envestigasyon sou rekonstwiksyon Ayiti. Patnè Ayiti Kale Je se Aterpresse, Sosyete Animasyon Kominikasyon Sosyal (SAKS), etidyan Fakilte Syans Zimèn (FASCH) nan Inivèsite Leta Dayiti (UEH), Rezo Fanm nan Radyo Kominotè Ayisyen (REFRAKA), ansanm ak kèk nan radyo kominotè yo. Patne espesyal nou se Radyo Kiskeya. Ou ka li atik sa a ansanm avèk anpil lòt nan http://www.ayitikale.org