Episodes
Tuesday Mar 27, 2018
Tuesday Mar 27, 2018
Entèvansyon Marie Guyrleine Justin direktris egzekitif Rezo Fanm nan Radyo Kominotè Ayisyen yo (REFRAKA). Li te pale sou premye pane nan 3zyèm jounen fowòm karayibeyen sou radyo kominotè yo ak konstriksyon rezilyans sou malè pandye yo.
Tuesday Mar 20, 2018
Tuesday Mar 20, 2018
« medya kominotè yo epi difikilte pou prepare kont dezas : Enstitisyon frajil nan yon rejyon ki ekspoze anpil » se manman lide ki te travèse premye panèl jounen madi 21 mas la. Marie Guyrleine te fè yon rapèl sou radyo kominotè yo, misyon yo, travay yo ak difikilte yo kontre.
Se Belbrun yon kad nan pwoteksyon sivil ki te anime seyans lan. Li fè yon kout prezantasyon entèvenan yo epi anonse Cecil P. Shillingford, ki soti nan peyi la dominique, premye enèvenan nan jounen an an ki prezante tèt li, travay li nan jesyon risk ak dezas epi relasyon li genyen ak peyi d'Ayiti men sitou ak direksyon pwoteksyon sivil.
Entèvansyon an nan lang anglè.
Tuesday Mar 20, 2018
Mo Edgar Celestin youn nan reprezantan DPC ki te louvri 3zyèm jounen Fowòm nan
Tuesday Mar 20, 2018
Tuesday Mar 20, 2018
medya kominotè yo ei difikilte pou yo prepare kont dezas: enstitisyon frajil nan yon rejyon ki ekspoze anpil" se premye lide ki diskite nan kad 3zyèm jounen fowòm karayibeyen sou radio kominotè yo ak konstriksyon rezilyans sou malè pandye yo jounen madi 20 mas. Se Edgar Celestin youn nan reprezantan DPC ki te louvri jounen an.
Tuesday Mar 20, 2018
Tuesday Mar 20, 2018
Wòl medya kominotè yo nan enfòme ak edike popilasyon an nan zafè anviwònman ak diminye male padye ki ka lotè dezas. se manman lide ki traverse premye panel nan 2zyèm jounen Fowòm karayibeyen sou radio kominotè yo ak konstriksyon rezilyans sou malè pandye yo.
Se direktè Pwoteksyon sivil la, doktè Jerry Chandler ki te lanse Jounen sa travay sa a ki te kòmanse depi 8tè30 nan maten. Nan entèvansyon l lan, mesye Chandler pale sou radio kominotè yo li konsidere kon zouti enpòtan nan fasilite mesaj al jwenn kominote yo pi fasil nan moman prevansyon, preparasyon ak repons nan sitiyasyon ijans.
Monday Mar 19, 2018
Monday Mar 19, 2018
Se sou tem sa a, « fowom karayibeyen sou radyo kominote yo ak konstriksyon rezilyans sou male pandye », Direksyon pwoteksyon Sivil nan tet kole ak PNUD, SAKS, REFRAKA, CDEMA, ak lòt reprezantan enstitisyon ki nan domen jesyon risk ak dezas nan Karayib la. Lanse aye dimanch 18 mas la nan otel satama Okap 3 jounen brase lide sou radyo kominote yo ak estrateji yo kapab mete anplas pou diminye dega male pandye yo kapab genyen sou peyi a men tou nan rejyon karayabib la ki vilnerab anpil parapot ak fenomen natirel yo.
Thursday Mar 15, 2018
Magazin 4 Je Kontre 15 mas 2018
Thursday Mar 15, 2018
Thursday Mar 15, 2018
Magazin 4 Je kontre se yon magazin ki analize aktyalite a nan nivo politik, ekonomik sosyal ak kiltirèl nan gade ansanm ki kote nou ye epi ki chimen pou n pran pou n vanse.
Magazin nan espesyal semèn sa a.
Envite nou semèn sa a se yon etranje, yon oditè: se Claude Mormont moun peyi Bèljik ki toujou vini Ayiti pou travay ak plizyè òganizasyon ak enstitisyon ladan yo SAKS. Li pale kreyòl, l ap kase moso avè nou nan esperyans travay li nan peyi a. Li se yon oditè (entènot) ki toujou ap koute emisyon an depi Bèljik.
Magazin sa a pase sou diferan radyo kominotè nan Peyi d'Ayiti, ou Ka li tèks atik nou yo tou nan www.saks-haiti.org
Wednesday Mar 07, 2018
Magazin 4 je kontre 7 mas 2018
Wednesday Mar 07, 2018
Wednesday Mar 07, 2018
Magazin 4 Je kontre se yon magazin ki analize aktyalite a nan nivo politik, ekonomik sosyal ak kiltirèl nan gade ansanm ki kote nou ye epi ki chimen pou n pran pou n vanse.
Envite magazin nan semèn sa a se Rachelle Charlier Doucet. Lise yon fanm nan 2 ki fenk rantre nan akademi kreyòl la. li gade avèk nou travay ak angajman l bay tèt li pou lang kreyòl la vanse. Li reponn kesyon tou sou difikilte fanm ap andire nan peyi a.
Magazin sa a pase sou diferan radyo kominotè nan Peyi d'Ayiti, ou Ka li tèks atik nou yo tou nan www.saks-haiti.org