Episodes
Tuesday Mar 20, 2012
4 Je Kontre - 20 Mas 2012
Tuesday Mar 20, 2012
Tuesday Mar 20, 2012
Magazin 4 Je kontre se yon magazin ki analize aktyalite nan nivo politik, ekonomik sosyal ak kiltirèl nan gade ansanm ki kote nou ye epi ki chimen pou n pran pou n vanse. Nan magazin sa ki sòti 19 Mas pase a nou gen kòm envite Osnel Jean Baptiste ak Marie Guyrlene Justin. Deba yo fèt sou ensekirete a ki fè yon gwo remonte sitou nan kapital la, idantite/nasyonalite prezidan an ki pa janm klè jiskounye a epi pwosè radyo Tèt ansanm nan Karis ki demare nan vandredi 16 Mas ki sot pase a. Nap raple Radyo Tèt ansanm te pase anba flanm dife patizan Jean Berthol Bastien kandida pou depite inite nan eleksyon 2010 yo. Magazin sa pase sou diferan radyo kominotè nan Peyi d'Ayiti, w Ka li tèks atik nou tou nan www.saks-haiti.org.Magazin 4 Je kontre se yon patenarya ICKL, ITEKA, PAJ ak SAKS
Comments (0)
To leave or reply to comments, please download free Podbean or
No Comments
To leave or reply to comments,
please download free Podbean App.