Episodes
Friday Apr 04, 2014
Spot Lansman konkou KONT Feliks Moriso Lewa, 8èm Edisyon.
Friday Apr 04, 2014
Friday Apr 04, 2014
Ane sa a, yon fwa ankò Sosyete Animasyon Kominikasyon Sosyal
(SAKS) ap òganize wuityèm edisyon konkou Moriso Lewa.
Fwa
sa a se yon kont w ap ekri epi anrejistre l. Tèm Konkou an pou ane sa se:
Yon
ti sous dlo ki pa anvi seche
Si w nan klas Katryèm segondè
patisipe nan edisyon konkou kont SAKS ap òganize a.
Enskripsyon: gratis.
Anrejistre l nan radyo kominotè ki bò lakay ou, epi fè nou jwenn li
avan 15 jiyè 2014
- · Elèv yo dwe konplete fòmilè enskripsyon an, y ap jwenn nan dokiman ki prezante konkou a, epi yo dwe depoze fich enskripsyon an nan radyo kominotè ki bò lakay yo a oswa yo ka voye l nan adrès SAKS.
- Elèv yo dwe kòmanse anrejistre son ak tèks yo depi yo pare pou rive lendi 15 jiyè 2014. Kite l pou radyo a voye l pou nou, si w gen entènèt voye l nan: saksht20@gmail.com oubyen Pòtoprens na # 21A, Rue Richard Jules, Delmas 75. .
- -Kont sa a dwe original, sa vle di li pa ko ekri, pibliye nan okenn liv.
- · Kont ou anrejistre a dwe 3 minit pou piti, men pa dwe depase 5 minit.
- · Tèks la dwe gen yon valè edikatif ki ranmase pwoblèm anviwònman k ap degrade chak jou piplis.
- · Tèks pou anrejistre a pa dwe depase 2 paj si w tape l sou òdinatè.
- · Radyo a ap gen okazyon ede jèn yo valorize dimansyon sa a ki se rakonte Kont ki fin disparèt.
- · Radyo a ap resevwa moso fich enskripsyon an apre kandida fin dakò enskri pou patisipe nan konkou a.
Version: 20240320
Comments (0)
To leave or reply to comments, please download free Podbean or
No Comments
To leave or reply to comments,
please download free Podbean App.