Episodes
Friday Oct 25, 2013
Spòt 28 selebrasyon Oktòb 2013
Friday Oct 25, 2013
Friday Oct 25, 2013
28 Oktòb, se jounen Entènasyonal tout pèp ki pale kreyòl sou latè!
28 Oktòb 2013, se 30tyèm jounen Entènasyonal lang Kreyòl!
Nan Okazyon sa a, Sosyete Animasyon ak Kominikasyon Sosyal (SAKS), Enstiti Kiltirèl Kal Levèk (ICKL) ak Sant Rechè ak Aksyon pou Devlopman (KRAD), mele vwa yo ansanm pou mande prezidan Martelly pibliye lwa sou akademi Kreyòl Ayisyen an ki finn vote nan palman depi mwa avril 2013 la.
Akademi Kreyòl ayisyen an se yon esntitisyon konstitisyon peyi a prevwa depi 1987. Komite pou tabli akademi an anba chapo rektora inivèsite Leta a fè yon moso nan travay la, palman an fè pati pa l nan travay la. Kounye a balon an nan pye egzekitif la espesyalman prezidan Martelly pou l pwomilge lwa epi pibliye l nan jounal ofisyèl peyi a, le moniteur, se sa k ap yon VIKTWA POU PEP LA.
Nan okazyon 30tyèm jounen entènasyonal Lang Kreyòl la, SAKS envite tout moun lendi 28 oktòb la apati 9vè nan maten nan yon jounen aktivite ak refleksyon sou lang Kreyòl nan lakou FOKAL Avni kristòf nan pòtoprens. Ap gen ekspozisyon liv ak lòt dokiman ki ekri nan lang Kreyòl.
Lang nou se nanm nou!
Comments (0)
To leave or reply to comments, please download free Podbean or
No Comments
To leave or reply to comments,
please download free Podbean App.